19
 1 Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak ✡ I Wa 18:40jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe.  2 Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: ✡ Rt 1:17“Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.” 
 3 Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan ✡ Jen 21:31Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la.  4 Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, ✡ Jr 20:14-18li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.” 
 5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen ✡ Jen 28:12yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!” 
 6 Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò.  7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.” 
 8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive ✡ Egz 3:1Horeb, mòn Bondye a.  9 Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?” 
 10 Li te di: ✡ Egz 20:5“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, ✡ Wo 11:3-4yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.” 
 11 Pou sa, Li te di: ✡ Egz 19:20“Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.” 
Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a.  12 Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, ✡ Job 4:16yon ti bwi tankou yon souf lejè.  13 Lè Élie te tande l, ✡ Egz 3:6li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”  14 Epi li te di: ✡ I Wa 19:10“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, paske fis Israël yo te abandone akò Ou a, dechire lotèl Ou yo e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete; epi y ap chache lavi mwen pou pran l.” 
 15 SENYÈ a te di li: “Ale, retounen sou chemen ou vè dezè Damas la, e lè ou fin rive, ✡ II Wa 8:8-15ou va onksyone Hazaël wa sou Syrie;  16 epi ✡ II Wa 9:1-10Jéhu, fis Nimschi a, ou va onksyone wa sou Israël; epi Élisée, fis a Schaphath a nan Abel-Mehola a, ou va onksyone li kòm pwofèt nan plas ou.  17 Li va vin rive ke ✡ II Wa 13:3-22sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu ✡ II Wa 9:14-37 va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò.  18  ✡ Wo 11:4Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.” 
 19 Konsa, li te kite la e te twouve Élisée, fis a Schaphath la, pandan li t ap raboure avèk douz pè bèf devan li, li menm avèk douzyèm nan. Epi Élie te pase bò kote li e te jete ✡ II Wa 2:8-14manto li sou li.  20 Li te kite bèf yo e te kouri dèyè Élie. Li te di: “Souple, ✡ Mat 8:21kite m bo papa m avèk manman m e mwen va swiv ou.” Epi li te di li: 
“Ale, retounen, paske kisa ke m te fè ou?”  21 Konsa, li te retounen soti swiv li, li te pran pè bèf la e li te fè sakrifis avèk yo, li te ✡ II Sam 24:22bouyi chè avèk dife fèt ak zouti bèf e li te bay a pèp la pou yo te manje. Epi li te leve, li te swiv Élie pou te sèvi li.