12
 1 Anplis, ✡ Det 8:18sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo, 
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di: 
“Mwen pa pran plezi nan yo;” 
 2 Avan ✡ És 5:30solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa, 
e nwaj yo retounen apre lapli yo; 
 3 nan jou ke gadyen kay la tranble a, 
e mesye pwisan yo vin ✡ Sòm 35:14koube a. 
Lè sa yo k ap moule a rete san travay 
akoz anpil nan yo ki manke, 
e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè. 
 4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba, 
e yon moun va leve ak son zwazo a, 
epi tout fi chanson yo va rete ba. 
 5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas 
ak gwo danje k ap vini a. 
Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la, 
e dezi gason an pa ka. 
Paske lòm nan ap prale nan ✡ Job 17:3kay etènèl li a, 
pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la. 
 6 Sonje Li avan kòd ajan an kase, 
e ✡ Za 4:2-3bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann, 
e wou sitèn nan vin kraze. 
 7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, 
e lespri a va retounen kote ✡ Nonb 16:22 Bondye ki te bay li a. 
 8  ✡ Ekl 1:2“Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!” 
 9 Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje ✡ I Wa 4:32anpil pwovèb.  10 Predikatè a te chache jwenn bèl mò pou ekri ✡ Pwov 22:20pawòl verite yo byen kòrèk.  11  ✡ Trav 2:37Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout. 
 12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri ✡ I Wa 4:32anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou.  13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: ✡ Ekl 3:14Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun.  14 Paske ✡ Ekl 3:17Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.