KANTIK A KANTIK YO  
 1
 1 Kantik A ✡ I Wa 4:32Kantik Yo, ki ekri pa Salomon. 
Jenn Fi a 
 2 Kite l bo m ak bo bouch li! 
Paske ✡ Kan 1:4lanmou ou bon pase diven. 
 3 Lwil pafen ou yo santi bon. 
✡ Ekl 7:1Non ou menm se tankou lwil kap vide; 
se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa. 
 4 Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! 
Wa a mennen m nan chanm li yo. 
Lòt Yo 
✡ Kan 1:4“Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; 
nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. 
Jenn Fi a 
Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.” 
 5 Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl, 
O fi a Jérusalem yo, tankou tant ✡ És 60:7 Kédar yo, 
tankou rido a Salomon yo. 
 6 Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa; 
solèy la brile m konsa. 
✡ Sòm 69:8Fis a manman m yo te byen fache avè m; 
Yo te fè m gadyen chan rezen yo. 
Men pwòp jaden pa m nan vin neglije. 
 7 Pale mwen, ou menm nan 
ke nanm mwen tèlman renmen; 
ki kote ou fè patiraj twoupo ou a? 
Ki kote ou konn fè l kouche a midi? 
Paske poukisa mwen ta tankou yon moun 
ki vwale figi li nan kote twoupo ✡ Kan 8:13 zanmi ou yo? 
Salomon 
 8 Si ou menm, ou pa konnen, 
O ✡ Kan 5:9pi bèl pami tout fanm yo; 
janbe swiv wout twoupo a, 
e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo 
akote tant bèje ou yo. 
 9 Pou mwen, cheri mwen an, 
ou tankou ✡ II Kwo 1:16-17 pi bèl poulich 
pami sa kap rale cha Farawon an. 
 10 Bò figi ou byen bèl ak zanno, 
kou ou ak ✡ Jen 24:53 bèl kolye. 
Lòt Yo 
 11 Nou va fè pou ou dekorasyon an lò 
anbeli ak pwent an ajan tou won. 
Jenn Fi a 
 12 Pandan wa a te sou tab li, 
✡ Kan 4:14pafen mwen te rive kote l ak bèl odè. 
 13 Sila ke m renmen an se yon pòch pafen; 
✡ Sòm 45:8fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen. 
 14 Cheri mwen an se yon grap flè jasmen 
byen plase nan chan rezen ✡ I Sam 23:29 En-Guédi yo. 
Salomon 
 15 “Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl! 
✡ Kan 4:1Zye ou tankou toutrèl yo.” 
Jenn Fi Lan 
 16 Gade jan ou bèl e byen agreyab, ✡ Kan 2:3-17cheri mwen an; 
anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou. 
Salomon 
 17 Pilye kay nou se ✡ I Wa 6:9-10bwa sèd 
e travès yo se bwa pen.