17
 1 “Lespri m fin kase. 
Jou m yo etenn; 
tonbo a pare pou mwen. 
 2  ✡ Job 12:4Anverite mokè yo avè m, 
e zye m fikse sou pwovokasyon yo. 
 3 “Depoze la koulye a, yon sekirite. 
Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm. 
Se kilès ki kab antann avè m? 
 4 Paske Ou te ✡ Job 12:20anpeche kè yo konprann; 
pou sa, ou pa p egzalte yo. 
 5 Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la, 
menm zye pitit li yo va vin gate. 
 6 “Men Li te fè m vin tounen yon ✡ Job 17:2vye pwovèb pou pèp la. 
Konsa, yo vin ✡ Job 30:10krache sou figi m. 
 7 Anplis, zye m vin ✡ Job 16:16pa wè klè akoz doulè m, 
e tout nanm mwen tankou lonbraj. 
 8 Moun ladwati va byen twouble ak sa, 
e ✡ Job 22:19linosan an va leve li menm kont enkwayan yo. 
 9 Malgre, ✡ Pwov 4:18moun dwat la va kenbe chemen li 
e ✡ Job 22:30sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò. 
 10 Men nou tout, retounen; 
malgre mwen ✡ Job 12:12pa twouve yon nonm saj pami nou. 
 11  ✡ Job 7:6Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt, 
menm dezi a kè mwen yo. 
 12 Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen. 
Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa. 
 13 Si mwen chache ✡ Job 3:13Sejou mò yo kon lakay mwen, 
si mwen fè kabann mwen nan tenèb la; 
 14 Si mwen kriye a fòs tonbo a: 
‘Se ou ki papa m’; epi a ✡ Job 21:26vè a: 
“Ou se manman m ak sè m’; 
 15 Alò, koulye a, se kibò ✡ Job 7:6espwa mwen ye? 
Epi se kilès k ap okipe espwa m? 
 16 Èske espwa m va desann avèk mwen 
nan Sejou Lanmò yo? 
Èske se ansanm n ap ✡ Job 3:17desann nan pousyè a?”