4
 1 Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:”  2 Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi ✡ Luc 11:50-51 Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a. 
 3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a.  4  ✡ Eb 11:5Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. 
Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la,  5 men pou ✡ I Sam 16:7 Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba. 
 6 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “✡ Jn 4:4Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa?  7 Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? ✡ Nonb 32:23Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, ✡ Job 11:14-15men ou oblije vin mèt li.” 
 8 Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te ✡ Mat 23:35 touye li. 
 9 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “✡ Jen 3:9Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?” 
 10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? ✡ Nonb 35:33 Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.  11 Koulye a ✡ Jen 3:14ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an.  12 Depi koulye a, ✡ Det 28:15-24lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.” 
 13 Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte!  14 Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; ✡ Det 28:64-67 mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e ✡ Nonb 35:19 nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.” 
 15 Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li ✡ Jen 4:24sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.  16 Konsa, Cain te sòti de prezans ✡ II Wa 24:20 SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an. 
 17 Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a.  18 Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec. 
 19 Lémec te pran pou li ✡ Jen 2:24de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla.  20 Ada te bay nesans a Jabal. Li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo, e ki te okipe bèt yo.  21 Frè li a te rele Jubal. Li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo.  22 Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama. 
 23 Lémec te di a madanm li yo: 
“Ada avèk Tsilla, koute vwa m. 
Nou menm ki madanm a Lémec yo; 
byen okipe pawòl mwen. 
✡ Egz 20:13Paske mwen te touye yon mesye 
akoz ke li blese m; 
e yon gason akoz li frape m. 
 24 Si Cain vanje ✡ Jen 4:15sèt fwa, 
alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.” 
 25 Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li, epi li te bay nesans a yon fis. Li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, ✡ Jen 4:8paske Cain te touye li”.  26 Pou Seth, li menm, li te bay nesans a ✡ Jen 3:9; Luc 3:38yon fis, epi li te rele non li Énosch. 
Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.