11
 1 Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn: 
 2 “Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons? 
Eske yon nonm ✡ Job 8:2pale anpil vin akite? 
 3 Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale? 
Lè ou ✡ Job 17:2moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont? 
 4 Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot, 
e ✡ Job 10:7mwen inosan nan zye Ou.’ 
 5 Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou, 
 6 pou montre ou sekrè a sajès! 
Paske sajès ki bon ✡ Job 9:4gen de bò. 
Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije 
tout sa inikite ou merite. 
 7  ✡ Job 33:12-13“Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye? 
Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an? 
 8 Yo ✡ Job 22:12wo tankou syèl la; kisa ou kab fè? 
Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen? 
 9 Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè. 
 10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble, 
✡ Job 9:12kilès kap anpeche Li? 
 11 Paske ✡ Job 34:21-23Li konnen moun ki fò, 
e Li wè inikite menm san fè ankèt. 
 12 Yon moun ensanse va vin entèlijan 
lè pòtre a yon ✡ Job 39:5bourik mawon fèt kon yon moun. 
 13 “Si ou ta vle vin bon, 
✡ I Sam 7:3dirije kè ou e ✡ Sòm 88:9lonje men ou vè Li. 
 14 Si se inikite ki nan men ou, ✡ Job 22:23mete l byen lwen. 
Pa kite mechanste demere nan tant pa ou. 
 15 Konsa, anverite, ou ta kab ✡ Job 22:26leve figi ou wo san tach. 
Wi, ou va fidèl nèt e ✡ Sòm 27:3 pa oblije gen lakrent. 
 16 Konsa ou va ✡ És 65:16bliye twoub ou a. 
Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase. 
Se konsa ou ta kab sonje li. 
 17 Lavi ou va ✡ Job 22:26pi klè ke midi; 
malgre gen fènwa a, lap tankou maten. 
 18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa. 
Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite. 
 19 Ou va ✡ So 3:13kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou. 
Wi, anpil moun va ✡ És 45:14 mande favè ou. 
 20 Men ✡ Det 28:65zye a mechan yo va gate, 
e ✡ Job 27:22 p ap gen chape pou yo. 
Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”