12
Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd 
Yon sòm David. 
 1 Sekou, SENYÈ, paske ✡ És 57:1moun ladwati yo sispann egziste, 
Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo. 
 2 Yo pale sa ki fo a youn lòt. 
✡ Wo 16:18Lèv flatè yo ak kè doub yo pale. 
 3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo, 
ak lang ki ✡ Dan 7:8pale gwo bagay yo; 
 4 ki ✡ Sòm 73:8-9te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. 
Lèv nou se pou nou. 
Se kilès ki kab mèt sou nou?” 
 5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, 
koulye a, ✡ És 33:10Mwen va leve”, pale SENYÈ a; 
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.” 
 6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; 
tankou ajan ki ✡ Pwov 30:5teste nan founo, 
rafine nan tè sèt fwa. 
 7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo. 
Ou va ✡ Sòm 37:28prezève yo soti nan 
jenerasyon sila a jis pou tout tan. 
 8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote 
lè ✡ És 32:5 bagay ki lèd vin leve wo 
pami fis a lòm yo.