9
 1 Konsa, Job te reponn. Li te di: 
 2 “Anverite, mwen konnen sa se vrè; 
alò, kijan yon ✡ Job 4:17nonm kapab genyen dwa 
devan Bondye? 
 3 Si yon moun te vle ✡ Job 10:2diskite avèk Li, 
li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil. 
 4 Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; 
se kilès ki konn ✡ II Kwo 13:2reziste ak Li san donmaj? 
 5 Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen, 
lè Li boulvèse yo nan fachez Li. 
 6 Li ✡ És 2:19souke latè sòti nan plas li, 
e fè ✡ Sòm 75:3pilye fondasyon li yo tranble. 
 7 Li kòmande ✡ És 13:10solèy la pou l pa klere 
e ki mete yon so sou zetwal yo. 
 8 Se Li menm sèl ki ✡ Sòm 104:2rale lonje syèl yo 
e bese vag lanmè yo. 
 9 Li sèl ki fè sou syèl la ✡ Job 38:31-32 gwo Ourse la ak Orion an, 
avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo. 
 10 Li menm ki ✡ Job 5:9fè gwo bagay mèvèy yo, 
avèk zèv mèvèy san kontwòl yo. 
 11 Si Li ta vin pase bò kote mwen, ✡ Job 23:8-9mwen pa t ap wè L. 
Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L. 
 12 Gade byen, Li rache retire, 
se kilès ki ka anpeche L? 
Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’? 
 13 “Bondye p ap detounen kòlè Li. 
Anba Li, byen akwoupi, se asistan a ✡ És 30:7Rahab yo. 
 14 Kijan ✡ Job 9:3-32mwen kab reponn Li, 
e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L? 
 15 Paske malgre mwen te gen rezon, 
mwen pa t kab reponn. 
Mwen ta oblije ✡ Job 8:5mande gras a Jij mwen an. 
 16 Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen, 
mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m. 
 17 Paske Li fin ✡ Job 16:12-14brize m nèt ak yon tanpèt, 
e ogmante blese mwen yo san koz. 
 18 Li ✡ Job 7:19pa lèse m pran souf, 
men fè m debòde ak ✡ Job 13:26sa ki anmè. 
 19 Men ✡ Job 9:4pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs! 
Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye 
pwosè vèbal bay Li menm? 
 20 Malgre mwen dwat, ✡ Job 9:29bouch mwen ap kondane m; 
malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab. 
 21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm; 
mwen ✡ Job 7:16rayi lavi m. 
 22 “Tout se menm bagay. 
Akoz sa mwen di ✡ Job 10:7-8 Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’ 
 23 Si frèt la vin touye sibitman, 
l ap ✡ Job 24:12moke dezolasyon inosan an. 
 24 Ak lemonn nan ✡ Job 10:3 ki sede nan men a mechan yo, 
Li fin ✡ Job 12:17kouvri figi a jij latè yo. 
Si se pa Li menm, eh byen se kilès? 
 25 “Alò, ✡ Job 7:6jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous; 
Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon. 
 26 Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan ✡ És 18:2wozo, 
tankou yon ✡ Hab 1:8èg ki vole plonje sou viktim li. 
 27 Malgre mwen di ke m va bliye ✡ Job 7:11plent mwen, 
ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan, 
 28 mwen krent tout doulè mwen yo. 
Mwen konnen ke ✡ Job 7:21Ou p ap bliye fot mwen yo. 
 29 Mwen gen tan fin jije ✡ Job 10:2koupab. 
Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven? 
 30 Si m ta ✡ Jr 2:22lave m nèt ak lanèj, 
e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò, 
 31 malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la, 
e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m. 
pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm. 
 33 Nanpwen moun ki pou ✡ Job 9:19fè antant antre nou, 
ki ta kab mete men l sou nou toulède. 
 34 Kite Li ✡ Job 13:21 retire baton Li sou mwen, 
e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè. 
 35 Konsa, mwen ✡ Job 13:22ta pale san fè laperèz devan L; 
men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”