2
 1 Soufle twonpèt la nan Sion, 
e sone alam nan sou mòn sen Mwen an! 
Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble, 
paske jou SENYÈ a ap vini. 
Anverite, li vin pwòch.✡ Jl 1:15 
 2 Yon jou fènwa ak pèdi espwa, 
yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès. 
Tankou solèy k ap leve sou mòn yo; 
konsa gen yon gwo pèp pwisan. 
Pa t janm gen yon bagay konsa, 
ni p ap janm gen anyen ankò, 
jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.✡ Jl 2:10,31; Lam 1:12  
 3 Devan yo, se dife k ap devore, 
e dèyè yo, se yon flanm k ap brile. 
Peyi a vin ✡ És 51:3 tankou jaden Eden devan yo, 
men yon savann ✡ Egz 10:5,15dezole dèyè yo, 
e nanpwen anyen ki chape. 
 4  ✡ Rev 9:7Aparans yo se tankou aparans cheval la; 
epi kon yon kavalye kouri cheval li, 
se konsa yo kouri. 
 5 Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo, 
se konsa yo sote; 
tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay, 
se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.✡ Rev 9:9 
 6 Devan yo, pèp yo vin nan gwo ✡ És 13:8soufrans. 
Tout figi yo vin pal. 
 7 Yo kouri tankou mesye pwisan yo. 
Yo monte mi tankou sòlda. 
Konsa, yo ✡ Pwov 30:27mache byen ranje, 
ni yo pa kite pa yo. 
 8 Youn pa jennen lòt. 
Yo chak mache nan pa yo. 
Lè y ap eklate travèse defans yo, 
yo pa kase ran ranje an. 
 9 Yo kouri sou vil la. 
Yo kouri sou miray la. 
Yo antre nan ✡ Egz 10:6 kay yo; 
✡ Jr 9:21nan fenèt yo antre kon vòlè. 
 10 Devan yo, tè a ✡ Sòm 18:7 souke. 
Syèl yo tranble. 
✡ És 13:10Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, 
e zetwal yo vin pèdi briyans yo. 
 11 Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a. 
Anverite, kan Li vin byen gran, 
paske ✡ Jr 50:34 byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a. 
✡ Jl 1:15Anverite, jou SENYÈ a gran. 
Li tèrib anpil! 
Se kilès ki ka sipòte li? 
 12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a, 
✡ Det 4:29 “retounen kote Mwen ak tout kè nou; 
avèk ✡ Dan 9:3jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.” 
 13 Konsa, ✡ Sòm 34:18 rann kè nou, olye vètman nou.” 
Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an, 
paske Li ✡ Egz 34:6plen gras ak mizerikòd, 
lan nan kòlè, plen ak lanmou dous, 
e konn ralanti nan fè malè. 
 14 Kilès ki ka konnen ✡ Jr 26:3si Li p ap repanti kite sa a, 
pou L kite dèyè Li yon benediksyon, 
menm yon ofrann sereyal 
ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an. 
 15 Soufle yon twonpèt nan Sion! 
✡ Jl 1:14Konsakre yon jèn. 
Pwoklame yon asanble solanèl. 
 16 Rasanble moun yo. 
✡ I Sam 16:5Fè yon asanble ki sen. 
Reyini ansyen yo. 
Rasanble timoun ak sila pran tete yo. 
Kite mesye marye a sòti nan chanm li, 
e lamarye a sòti nan chanm maryaj la. 
 17 Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, 
kriye antre galri a ak lotèl la, 
kite yo di: ✡ Egz 32:11,12 “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! 
Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, 
yon vye mò pami nasyon yo. 
Poukisa nasyon yo ta dwe di: ✡ Sòm 42:10“Kote Bondye Yo a ye?” 
 18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a, 
e Li te ✡ És 60:10 fè mizerikòd a pèp Li a. 
 19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a: 
“Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil. 
Nou va vin satisfè nèt ak yo. 
✡ Éz 34:29 Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo. 
 20 Men ✡ Jr 1:14,15Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou, 
Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole. 
Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la; 
pwent dèyè a, nan lanmè lwès la. 
Konsa, sant pouriti li a va vin leve. 
Movèz odè li va vin monte, 
paske se gwo bagay li te konn fè.” 
 21  ✡ És 54:4Pinga nou pè, O peyi a! 
Rejwi e fè kè nou kontan, 
paske SENYÈ a te fè gwo bagay. 
 22 Pa pè, nou menm bèt chan yo; 
paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt, 
paske pyebwa a vin bay fwi li. 
Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.✡ Sòm 65:12,13 
 23 Konsa, se pou nou fè kè kontan, 
O fis a Sion yo! 
Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an; 
paske Li te ✡ Det 11:14 bay nou lapli bonè nan kantite ki jis, 
li te fè vide sou nou lapli, 
premyè ak ✡ Lev 26:4denyè lapli lan tankou avan an. 
 24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal, 
e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.✡ Lev 26:10 
 25 Konsa, Mwen va restore bannou pou ane 
ke ✡ Jl 1:4-7 gwo krikèt te manje yo, 
ak ti krikèt la ki kouri a tè a, 
ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou, 
gwo lame ke Mwen menm te 
voye pami nou. 
 26 Nou va genyen anpil manje, 
nou va vin satisfè, 
e nou va fè lwanj non SENYÈ a, 
Bondye nou a, 
ki te ✡ Sòm 126:2,3 aji ak mèvèy avèk nou. 
Konsa, pèp Mwen an ✡ És 45:17p ap janm vin desi ankò. 
 27 Konsa, nou va konnen ke 
Mwen nan mitan Israël, 
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, 
e ke pa gen okenn lòt; 
epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.✡ Lev 26:11,12; És 45:5,6 
 28 Li va vin rive apre sa, 
ke Mwen va ✡ És 32:15 vide Lespri M sou tout ✡ És 40:5chè. 
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, 
e granmoun nou yo va fè vizyon yo. 
 29 Menm sou sèvitè ak sèvan yo, 
mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo. 
 30 Mwen va ✡ Mat 24:29montre mèvèy yo 
nan syèl la ak sou tè a: 
san, dife, ak gwo kolòn lafimen. 
 31 Solèy la va vin tou nwa, 
e lalin nan tankou san 
devan gwo jou tèrib SENYÈ a.✡ És 13:10 
 32 Epi li va vin rive ke ✡ Jr 33:3nenpòt moun 
ki rele non SENYÈ a, li va delivre; 
paske nan Mòn Sion ak Jérusalem, 
va gen sila ki chape yo, 
jan SENYÈ a te di a, 
menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.