9
 1 Sajès ✡ Kol 3:9-10bati kay li a; 
li taye sèt gwo pilye li yo. 
 2 Li te ✡ Mat 22:4prepare manje li, 
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li. 
 3 Li ✡ Sòm 68:11voye demwazèl li yo deyò, 
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo: 
 4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!” 
Pou sila ki ✡ Pwov 6:32 manke bon konprann nan, li di: 
 5 “Vin ✡ Kan 5:1manje manje mwen an, 
e bwè diven ke m te melanje a. 
 6 Kite foli ou pou ou ka viv; 
epi ✡ Éz 11:20avanse nan chemen bon konprann nan.” 
 7 Sila ki ✡ Pwov 23:9korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li, 
e sila ki repwoche yon nonm mechan 
va resevwa ofans sou tèt li. 
 8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; 
✡ Sòm 141:5repwoche yon nonm saj e li va renmen ou. 
 9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, 
enstwi yon nonm dwat e li va ✡ Pwov 1:5ogmante konesans li. 
 10  ✡ Job 28:28Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès 
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann. 
 11 Paske ✡ Pwov 3:16pa mwen, jou ou yo va miltipliye, 
e ane yo ap ogmante sou lavi ou. 
 12 Si ou saj, ou saj ✡ Job 22:2pou pwòp tèt ou; 
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou. 
 13 Fanm sòt ✡ Pwov 7:11pale byen fò ak gwo vwa; 
li bèt, e li pa konnen anyen. 
 14 Li chita devan pòtay lakay li, 
sou yon chèz akote ✡ Pwov 9:3wo plas vil yo. 
 15 Li rele sila ki pase yo, 
ki ap fè chemen yo dwat yo: 
 16  ✡ Pwov 9:4Sila ki pa konnen anyen an, 
kite li antre isit la. 
Pou sila ki manke konprann nan, li di: 
 17 “Dlo yo vòlè dous 
e ✡ Pwov 20:17pen ki manje an sekrè byen agreyab.” 
 18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a. 
Vizitè li yo la. 
Yo nan fon Sejou mò yo.