10
 1 Pwovèb a Salomon yo. 
Yon fis ki saj fè papa li kontan, 
men yon fis ki plen ak foli 
se yon gwo doulè pou manman l. 
 2  ✡ Sòm 49:7Richès ranmase pa mechanste pa reyisi, 
men ladwati delivre soti nan lanmò. 
 3 SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, 
men l ap rejte lanvi mechan an. 
 4 Malere se sila ki travay ak men lach; 
men lamen moun dilijan an, anrichi. 
 5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a, 
se yon fis ki aji ak sajès; 
men sila ki dòmi nan lè rekòlt la, 
fè gwo wont. 
 6 Benediksyon se sou tèt a moun dwat la; 
men ✡ Pwov 10:11bouch mechan an kache vyolans. 
 7 Memwa a moun dwat la beni; 
men ✡ Sòm 9:5 non mechan an vin pouri. 
 8  ✡ Pwov 9:8Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; 
men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi. 
 9 Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; 
men sila ✡ Pwov 26:6 ki fè wout kwochi a va vin dekouvri. 
 10 Sila ✡ Sòm 35:19ki bat zye a, koze pwoblèm, 
e moun fou a ki pale anpil, fè dega. 
 11  ✡ Sòm 37:30Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, 
men bouch a mechan an kache vyolans. 
 12 Rayisman pwovoke konfli; 
men lanmou kouvri tout fot. 
 13 Sou ✡ Pwov 10:31lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; 
men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan. 
 14 Moun saj yo ranmase konesans; 
men ak ✡ Pwov 10:8-10 bouch moun fou a, destriksyon an toupre. 
 15 Byen a moun rich se yon sitadèl pou li. 
✡ Pwov 19:7 Sa ki detwi malere a se mizè. 
 16  ✡ Pwov 11:18-19Salè a moun dwat se lavi; 
revni a mechan an se pinisyon. 
 17 Sila ki swiv enstriksyon an, ✡ Pwov 6:23sou wout lavi; 
men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt. 
 18 Sila ✡ Pwov 26:24ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti; 
e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou. 
 19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; 
men ✡ Pwov 17:27sila ki frennen lèv li gen sajès. 
 20 Lang a moun dwat yo se tankou ✡ Pwov 8:19ajan pi chwazi a; 
men kè a mechan an vo piti. 
 21  ✡ Pwov 10:11Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; 
men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann. 
 22 Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; 
konsa li pa mele ak chagren. 
 23 Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan; 
e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an. 
 24 Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li; 
men ✡ Sòm 145:19sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi. 
 25 Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; 
men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl. 
 26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye; 
se konsa ✡ Pwov 26:6parese a ye pou sila ki voye li yo. 
 27  ✡ Pwov 3:2Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi; 
men lane mechan yo va kout. 
 28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan; 
men ✡ Job 8:13 entansyon mechan an va peri. 
 29 Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo; 
men ✡ Pwov 21:15 destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo. 
 30 Moun ladwati a p ap janm souke; 
men ✡ Pwov 2:22mechan yo p ap demere nan peyi a. 
 31  ✡ Sòm 37:30Bouch a moun dwat la koule ak sajès; 
men lang pèvès la vin koupe. 
 32 Lèv a moun dwat yo fè parèt ✡ Ekl 12:10sa ki bon; 
men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.