10
 1 Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? 
Poukisa ✡ Sòm 22:1Ou kache Ou menm nan tan twoub yo? 
 2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo. 
Kite yo ✡ Sòm 7:16kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a. 
 3 Paske mechan a ap vin ògeye sou ✡ Sòm 94:3dezi kè li a; 
li beni moun voras la, 
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a. 
 4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye, 
Tout panse li se ke: ✡ Sòm 14:1“Nanpwen Bondye.” 
 5 Chemen pa li yo reyisi tout tan; 
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo. 
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo. 
 6 Li di a pwòp tèt li: ✡ Rev 18:7“Mwen p ap ebranle menm; 
Pandan tout jenerasyon yo, 
mwen p ap gen pwoblèm ditou.” 
 7  ✡ Wo 3:14Bouch li plen ak malediksyon, avèk 
twonpe moun avèk oprime moun. 
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste. 
 8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo; 
nan anbiskad yo, li ✡ Sòm 94:6touye inosan yo. 
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo. 
 9 Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li. 
Li kache pou kenbe aflije yo; 
li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen ✡ Sòm 140:5an. 
 10 Li akwoupi, li pare kò l; 
konsa malere a vin tonbe 
pa grif pwisan li yo. 
 11 Li pale a tèt li: ✡ Sòm 10:4“Bondye bliye. 
Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.” 
 12 Leve O SENYÈ! 
O Bondye, ✡ Sòm 17:7leve men Ou wo! 
Pa bliye aflije yo! 
 13 Poukisa mechan an te meprize Bondye? 
Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”. 
 14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont 
mechanste ak agase moun pou pran sa an men. 
Malere a ap depann de Ou menm; 
Se Ou ki konn ede ✡ Sòm 68:5òfelen an. 
 15  ✡ Sòm 37:17Kase bra a mechan yo avèk malfektè a! 
Dekouvri mechanste li yo jiskaske 
Ou pa twouve l ankò. 
 16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan! 
✡ Det 8:20Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a. 
 17 O SENYÈ, Ou te tande ✡ Sòm 9:18dezi a enb yo; 
Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou, 
 18 pou bay jistis a òfelen an avèk ✡ Sòm 9:9oprime a, 
pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.