82
Yon Sòm Asaph 
 1 Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. 
Li fè jijman nan mitan ✡ Egz 21:6dye yo. 
 2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis, 
e ✡ Det 1:17montre favè a mechan yo? 
 3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo. 
Fè jistis a aflije ak malere yo. 
 4  ✡ Job 29:12 Sove fèb yo ak malere yo. 
Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.” 
 5 Yo pa konnen ni yo pa konprann. 
Yo ✡ Pwov 2:13mache toupatou nan fènwa. 
Tout fondasyon tè yo fin souke nèt. 
 6 Mwen ✡ Sòm 82:1 te di: “Se dye ke nou ye, 
e nou tout se fis a Pi Wo a. 
 7 Sepandan, ✡ Job 21:32 nou va mouri tankou moun, 
e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.” 
 8 Leve, O Bondye, jije tè a! 
Paske se Ou ki ✡ Sòm 2:8posede tout nasyon yo.