2
 1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo, 
e ✡ Pwov 3:1gade kòmandman mwen yo nan kè ou, 
 2 e ✡ Pwov 22:17fè zòrèy ou atantif a sajès; 
e enkline zòrèy ou vè bon konprann, 
 3 wi, si ou leve vwa w pou sajès; 
e leve vwa ou vè bon konprann; 
 4 si ou chache li kon ajan, 
e fè rechèch dèyè li kon trezò ✡ Job 3:21ki kache; 
 5 nan lè sa a, ou va dekouvri ✡ Pwov 1:7lakrent SENYÈ a, 
e dekouvri konesans Bondye a. 
 6 Paske, ✡ I Wa 3:12SENYÈ a bay sajès. 
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann. 
 7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la. 
Li se ✡ Sòm 84:11boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo, 
 8 Ka p veye chemen lajistis yo, 
e ✡ I Sam 2:9pwoteje chemen a fidèl Li yo. 
 9 Konsa, ou va dekouvri ✡ Pwov 8:20ladwati ak jistis, 
e menm egalite avèk tout bon chemen yo. 
 10 Paske, sajès va antre nan kè ou, 
e ✡ Pwov 22:18 konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou. 
 11 Bon konprann va ✡ Pwov 4:6pwoteje ou, 
konesans va veye sou ou, 
 12 pou ✡ Pwov 28:26pwoteje ou kont chemen mal la, 
kont lòm ki pale bagay pèvès yo. 
 13 Kont sila ki ✡ Pwov 21:16kite chemen ladwati yo 
pou mache nan chemen fènwa yo; 
 14 ki ✡ Pwov 10:23pran plezi nan fè sa ki mal 
e rejwi nan mechanste mal la. 
 15 Chemen a sila ki vin ✡ Sòm 125:5kwochi yo 
e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè. 
 16 Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a, 
soti nan men ✡ Pwov 23:27fanm adiltè ki flate ak pawòl li; 
 17 ki kite ✡ Mat 2:14-15konpanyen jenès li a, 
e ki bliye akò a Bondye li; 
 18 paske lakay li mennen a lanmò 
e tras a pla pye li yo rive kote mò yo. 
 19 Pèsòn ✡ Ekl 7:26ki ale kote li menm, pa retounen ankò, 
ni yo pa jwenn pa lavi. 
 20 Akoz sa a, ou va ✡ Eb 6:12mache nan chemen a sila ki bon yo, 
e swiv tras a moun ladwati yo. 
 21 Paske moun dwat yo va viv nan peyi a, 
e ✡ Pwov 28:10 sila ki san tò yo va rete ladann; 
 22 men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a, 
e moun trèt yo va ✡ Det 28:63 dechouke de li.