3
 1 Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va ✡ Lev 26:26retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo, 
tout sa ki pou founi pen 
e tout sa ki pou founi dlo; 
 2  ✡ II Wa 24:14Nonm pwisan an, 
gèrye la, 
jij ak pwofèt la, 
divinò a ak ansyen an, 
 3 Kapitèn dè senkant yo, 
nonm ki resevwa onè a, 
konseye a, 
atizan an, 
ak sila ki fò nan fè wanga a. 
 4 Konsa, Mwen va fè ✡ Ekl 10:16senp tigason yo vin chèf sou yo, 
e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo. 
 5 Epi pèp la va ✡ Mi 7:3-6oprime, 
youn pa yon lòt e chak pa vwazen li; 
jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo 
e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a. 
 6 Lè yon nonm ✡ És 4:1mete men l sou frè l lakay papa l, epi di: 
“Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an, 
e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”, 
 7 Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di: 
“Se pa mwen menm k ap ✡ Éz 34:4geri nou an; 
paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto; 
se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.” 
 8 Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz 
pawòl ak zak yo kont SENYÈ a; 
pou yo ✡ És 65:3 fè rebèl kont prezans sen Li an. 
 9 Vizaj figi yo fè temwen kont yo, 
e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. 
Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! 
Paske yo ✡ Pwov 8:36mennen mal la vin tonbe sou yo. 
 10 Di a ✡ Det 28:1-14moun dwat yo sa prale byen pou yo, 
paske yo va manje fwi a zèv yo. 
 11 Malè a mechan an! 
Sa prale mal pou li. 
Paske ✡ Det 28:15-68sa li merite a, se sa k ap rive li. 
 12 O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun 
ak fanm ki gouvène sou yo. 
O pèp Mwen an! ✡ És 9:16 Sila k ap gide ou yo, egare ou, 
e konfonn direksyon chemen nou yo. 
 13 Se ✡ És 66:16SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo 
e ki kanpe pou jije pèp la. 
 14 SENYÈ a ✡ Job 22:4antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a. 
“Se nou ki te devore chan rezen an; 
piyaj malere a fèt anndan lakay nou. 
 15 Se kilès ki bannou dwa pou ✡ Sòm 94:5kraze pèp Mwen an, 
e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale. 
 16 Anplis SENYÈ a di: “Akoz ✡ Kan 3:11fi a Sion yo ògeye, 
mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi, 
mache ak ti pa kout pou atire zye gason, 
e fè sone tout ti son braslè sou pye yo. 
 17 Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal, 
e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.” 
 18 Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, ✡ Jij 8:21-26dekorasyon kwasan yo,  19 zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo,  20  ✡ Egz 29:38dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo,  21 bag dwèt yo, ✡ Jen 24:47zanno nen yo.  22 Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo,  23 miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo. 
 24 Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous, 
ap gen move odè pouriti; 
olye se sentiwon, ap gen yon kòd; 
olye se ✡ I Pi 3:3cheve swa byen ranje, 
ap gen yon tèt chòv; 
olye se bèl vètman, ya mete twal sak; 
epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote. 
 25 Gason nou yo va ✡ És 1:20tonbe devan nepe, 
ak moun pwisan nou yo nan batay. 
 26 Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon, 
doulè ak dezolasyon nèt. Li va ✡ Lam 2:10chita atè.