3
 1 “Paske gade byen, nan jou sila yo 
ak nan lè sa a, 
lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,✡ Jr 16:5 
 2 Mwen va ✡ És 66:18 rasanble tout nasyon yo 
pou mennen yo desann nan vale Josaphat la. 
Epi Mwen va ✡ Jr 25:31antre la nan jijman avèk yo 
pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël, 
ke yo te gaye pami nasyon yo. 
Yo te divize tè Mwen an, 
 3 epi te ✡ Ab 11 voye tiraj osò pou pèp Mwen an. 
Yo te ✡ Am 2:6twoke yon gason pou yon pwostitiye 
ak yon fi yo vann pou diven, 
pou yo ta ka bwè.” 
 4 “Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon, 
ak tout rejyon a Philistine yo? 
Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen? 
Men si Mwen pa jwenn rekonpans 
byen vit e san delè, 
Mwen va fè rekonpans nou an 
✡ És 34:8 retounen sou tèt nou. 
 5 Akoz nou te ✡ II Wa 12:18pran ajan Mwen 
ak lò Mwen, e te mennen bagay 
presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo, 
 6 epi nou te vann ✡ Éz 27:13fis a Juda ak Jérusalem yo 
bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo, 
 7 gade byen, Mwen va ✡ És 43:5fè yo leve soti 
nan plas kote nou te vann yo, 
pou retounen rekonpans nou an 
sou pwòp tèt nou. 
 8 Anplis, Mwen va ✡ És 14:2 vann fis nou yo 
ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo. 
Konsa, yo va vann yo bay ✡ Job 1:15Sabeyen yo, 
yon nasyon byen lwen,” 
paske SENYÈ a fin pale. 
 9 Pwoklame sa pami nasyon yo: 
✡ Jr 6:4“Prepare nou pou fè lagè! 
Anime mesye pwisan yo! 
Kite tout sòlda yo vin pi pre. 
Kite yo monte kote nou. 
 10  ✡ És 2:4Bat lam cha pou yo fè epe, 
ak kwòk rebondaj pou fè lans. 
Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’ 
 11  ✡ Éz 38:15,16Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo. 
Rasanble nou ansanm.” 
Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo. 
 12 “Kite nasyon yo leve pwop tèt yo 
pou vin monte nan vale Josaphat la; 
paske se la Mwen va chita pou jije 
tout nasyon ki ozalantou yo.✡ Jl 3:2,14; Sòm 7:6  
 13  ✡ Rev 14:14-19 Fè antre boutdigo rekòlt la, 
paske ✡ Jr 51:33rekòlt la vin mi. 
Vin mache foule anba pye, 
paske pèz diven an vin plen. 
Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.” 
 14  ✡ És 34:2-8Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an! 
Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an. 
 15  ✡ Jl 2:10,31Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa, 
e zetwal yo va pèdi briyans yo. 
 16 Senyè a va gwonde soti nan Sion, 
e va sone vwa Li soti Jérusalem. 
Syèl yo ak tè a va tranble, 
men SENYÈ a se yon ✡ Sòm 61:3refij pou pèp Li a, 
ak yon ✡ Jr 16:9 sitadèl pou fis Israël yo. 
 17 Konsa, nou va ✡ Jl 2:27 konnen 
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, 
ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an. 
Nan lè sa a Jérusalem va sen, 
e ✡ És 52:1etranje yo p ap pase ladann ankò. 
 18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf. 
Nan kolin yo, se lèt ki va koule; 
tout ✡ És 30:25 ravin nan Juda va gen dlo, 
epi yon ✡ Éz 47:1-12sous va sòti lakay SENYÈ a 
pou awoze vale a Sittim nan. 
 19 Égypte va vin yon dezè, 
Edom va vin yon savann dezole, 
akoz ✡ Ab 10vyolans ki te fèt sou fis Israël yo, 
akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo. 
 20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan 
e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.✡ Éz 37:25 
 21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo, 
paske SENYÈ a rete nan Sion.”✡ És 4:4