3
 1 Konsa, mwen te di: 
“Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila 
k ap gouvène lakay Israël yo. 
Èske nou pa dwe konnen lajistis?✡ Sòm 82:1-5 
 2 Nou menm ki rayi sa ki bon, 
e ki renmen sa ki mal; 
ki ✡ Sòm 53:4chire po yo sou kò yo, 
ak chè yo soti sou zo yo; 
 3 k ap anplis✡ Sòm 14:4 manje chè pèp Mwen an, 
chire po yo sou yo, kraze zo yo 
e ✡ Éz 11:3koupe yo an mòso, 
tankou se pou mete nan chodyè, 
tankou vyann nan bonm nan. 
 4 Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a, 
men Li p ap reponn yo. 
Olye de sa, nan lè sa a, Li va ✡ Det 31:17; És 3:11kache figi li a yo menm, 
akoz yo te pratike zak ki mechan.” 
 5 Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te ✡ És 3:12 mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè. 
 6 Akoz sa, li fènwa ✡ És 8:20-22  sou nou—san vizyon 
e fènwa pou nou—san apèsi davni. 
✡ És 59:10Solèy la va kouche sou pwofèt yo, 
e lajounen va vin fènwa sou yo. 
 7 Vwayan yo va wont 
e ✡ És 44:25 divinò yo va nan konfizyon. 
Anverite, yo tout va ✡ Mi 7:16kouvri bouch yo 
akoz Bondye pa reponn. 
 8 Men kanta mwen menm, 
✡ És 61:1-2 mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a, 
ak jistis ak kouraj Li, 
pou ✡ És 58:1fè Jacob konnen zak rebelyon li an; 
menm a Israël, peche pa l la. 
 9 Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo, 
ak sila k ap gouvène lakay Israël yo, 
ki ✡ Sòm 58:1,2 rayi jistis, 
e ki vire tòde tout sa ki dwat, 
 10 Ki ✡ Jr 22:13,17bati Sion ak san koule, 
e Jérusalem ak vyolans e enjistis. 
 11 Chèf li yo fè ✡ És 1:23 jijman 
pou jwenn sa ki glise anba tab, 
e ✡ Jr 6:13prèt li yo enstwi pou kòb, 
pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan. 
Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a. 
Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou? 
Okenn malè p ap rive sou nou.” 
 12 Konsa, akoz nou menm, 
✡ Jr 26:18Sion va vin raboure tankou yon chan, 
e ✡ Sòm 79:1Jérusalem va vin yon pil mazi, 
e mòn tanp lan va devni 
tankou wo plas yo nan forè a.