16
 1  ✡ Pwov 16:9Plan kè a sòti nan lòm; 
men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a. 
 2 Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li; 
men SENYÈ a peze sa k nan kè l. 
 3  ✡ Sòm 37:5Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a, 
e plan ou yo va etabli. 
 4 SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li; 
menm ✡ Wo 9:22 mechan yo pou jou jijman an. 
 5 Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a; 
anverite, li p ap chape anba pinisyon. 
 6 Pa ✡ Dan 4:27lanmou dous avèk verite, inikite lave; 
e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal. 
 7 Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, 
✡ Jen 33:4l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l. 
 8 Pi bon se piti ak ladwati 
pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis. 
 9 Panse a lòm fè plan pou wout li; 
men ✡ Sòm 37:23 SENYÈ a dirije pa li yo. 
 10 Se desizyon diven ki nan lèv a wa a; 
bouch li pa dwe fè erè nan jijman. 
 11 Yon balans ki jis apatyen a Bondye; 
li veye sou tout pwa nan sak yo. 
 12 Se abominab pou wa yo komèt zak mechan, 
paske yon ✡ Pwov 25:5twòn etabli sou ladwati. 
 13 Lèv ki dwat se plezi a wa yo; 
e sila ki pale dwat, vin renmen. 
 14 Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò; 
men yon nonm saj va kalme li. 
 15 Nan vizaj a yon wa briye lavi; 
e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan. 
 16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò! 
Pito nou jwenn bon konprann pase ajan. 
 17  ✡ És 35:8Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; 
sila ki veye chemen li an prezève lavi li. 
 18 Ògèy ale devan destriksyon 
e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe. 
 19 Li pi bon pou rete ✡ Pwov 3:34enb nan lespri avèk sila ki ba yo, 
pase divize piyaj ak moun ògeye yo. 
 20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon; 
beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a. 
 21  ✡ Os 14:9Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann; 
e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun. 
 22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; 
men pou disipline moun ensanse yo se foli. 
 23  ✡ Sòm 37:30Kè moun saj la enstwi bouch li; 
li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li. 
 24  ✡ Sòm 19:10Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl; 
dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo. 
 25  ✡ Pwov 12:15Gen wout ki parèt bon a yon nonm; 
men fen li se lanmò. 
 26 Apeti a yon ouvriye fè byen pou li; 
paske se grangou ki ankouraje l. 
 27 Yon ✡ Pwov 6:12-18sanzave fòmante mechanste; 
pawòl li yo brile tankou dife wouj. 
 28 Yon nonm pèvès gaye konfli, 
e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo. 
 29 Yon nonm vyolan ✡ Pwov 1:10ap tante vwazen li 
pou l mennen li nan move chemen. 
 30 Sila kap bay je dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès; 
sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive. 
 31 Yon ✡ Pwov 20:29tèt blanch se yon kouwòn laglwa; 
li jwenn nan chemen ladwati a. 
 32 Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo; 
e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil. 
 33 Tiraj osò fèt nan fon wòb; 
men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.