18
 1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l; 
bon jijman an pa anyèn devan l. 
 2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; 
men sèlman ✡ Pwov 12:23nan devwale pwòp panse li. 
 3 Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l; 
e avèk dezonè, wont vin parèt. 
 4 Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon ✡ Pwov 20:5dlo byen fon; 
dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan. 
 5 Panche vè youn moun mechan an pa bon, 
ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo. 
 6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli; 
bouch li ap mande kou. 
 7 Bouch a ✡ Sòm 64:8moun san konprann nan se dega li; 
e lèv li se pèlen pou nanm li. 
 8 Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan 
se tankou bonbon ki gen gou dous; 
se jis nan fon kò a yo desann. 
 9 Anplis, sila ki parese nan travay li a 
se ✡ Pwov 28:24 frè a sila ki detwi. 
 10  ✡ Egz 3:15Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; 
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou. 
 11 Pou yon nonm ✡ Pwov 10:15rich, byen li se yon vil ki fò; 
kon yon miray byen wo nan panse li. 
 12  ✡ Pwov 11:2Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy; 
men imilite ale devan onè. 
 13 Sila ki ✡ Pwov 20:25bay repons avan li koute a; 
plen foli ak wont. 
 14 Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; 
men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li? 
 15  ✡ Pwov 15:4Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; 
anplis, zòrèy a saj la chache konesans. 
 16  ✡ Jen 32:20Don a yon nonm fè kont espas pou li, 
e mennen li devan moun enpòtan. 
 17 Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon; 
jiskaske yon lòt moun vin egzamine l. 
 18  ✡ Pwov 16:33Tiraj osò fè konfli sispann; 
lap pran desizyon antre moun pwisan yo. 
 19 Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye; 
konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl. 
 20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li; 
✡ Pwov 14:14l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi. 
 21  ✡ Pwov 12:13Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; 
e sila ki renmen l yo, va manje fwi li. 
 22 Sila ki jwenn yon ✡ Jen 2:18madanm, jwenn yon bon bagay, 
e twouve favè SENYÈ a. 
 23  ✡ Pwov 19:7Malere a pale: “Souple, fè m gras”; 
men moun rich la reponn byen di. 
 24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; 
men gen ✡ Pwov 17:17yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.