22
 1 Yon ✡ Pwov 10:7bon non pi bon pase tout richès; 
e favè Bondye, pase ajan ak lò. 
 2 Rich la ak malere a mare ansanm; 
se SENYÈ a ki ✡ Job 31:15 fè yo tout. 
 3 Sila ki ✡ Pwov 14:16reflechi, wè mal e kache kò li; 
men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon. 
 4 Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a 
se richès, bon repitasyon, ak lavi. 
 5  ✡ Pwov 15:19Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo; 
sila ki veye nanm li, va rete lwen yo. 
 6  ✡ Ef 6:4Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale, 
e lè li vin gran, li p ap kite li; 
menm lè l granmoun, li p ap kite li. 
 7  ✡ Pwov 18:23Rich yo domine sou pòv yo, 
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a. 
 8 Sila ki ✡ Job 4:8simen inikite a va rekòlte vanite; 
e baton kòlè li a va detwi. 
 9 Sila ki ✡ Pwov 19:17bay ak men louvri va beni; 
paske li bay manje a malere. 
 10  ✡ Jen 21:9-10Mete moun k ap moke moun yo deyò, 
e diskisyon an prale tou; 
wi, konfli ak dezonore moun ap sispann. 
 11 Sila ki renmen ✡ Sòm 24:4kè ki san tach 
e ki pale ak gras, va zanmi a wa a. 
 12 Zye a SENYÈ a konsève konesans; 
men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo. 
 13  ✡ Pwov 26:13Parese a di: “Gen yon lyon deyò a; 
m ap mouri nan lari!” 
 14 Bouch a ✡ Pwov 21:16fanm adiltè a se yon fòs byen fon; 
sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann. 
 15 Foli mare nan kè a yon timoun; 
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li. 
 16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li; 
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete. 
 17  ✡ Pwov 5:1Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; 
epi aplike ou a konesans mwen. 
 18 Paske sa va ✡ Pwov 2:10byen agreyab pou ou 
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou. 
 19 Pou ✡ Pwov 3:5konfyans ou kapab nan SENYÈ a, 
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan. 
 20 Èske mwen pa t ekri ou trant ✡ Pwov 8:6bèl bagay, 
de konsèy ak konesans yo? 
 21 Pou fè ou ✡ Luc 1:3-4konnen vrè pawòl verite yo, 
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a? 
 22 Pa vòlè malere a paske li pòv, 
ni ✡ Za 7:10 kraze aflije nan pòtay la; 
 23 paske, SENYÈ a va ✡ I Sam 25:39plede ka yo 
e pran lavi a sila ki vòlè yo. 
 24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè; 
oswa ale ak yon ✡ Pwov 29:22moun kolerik, 
 25 sinon, ou va ✡ I Kor 15:33aprann mès li yo 
e jwenn yon pèlen pou tèt ou. 
 26 Pa konte pami sila ki ✡ Pwov 17:18sèvi kon garanti yo, 
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo. 
 27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye, 
poukisa ou ta kite l ✡ Egz 22:26rale kabann nan sòti anba ou? 
 28  ✡ Det 19:14Pa deplase ansyen bòn 
ke papa zansèt nou yo te mete a. 
 29 Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li? 
Li va ✡ Jen 41:46kanpe devan wa yo; 
li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.