21
 1 Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; 
Li ✡ Esd 6:22vire l kote Li vle. 
 2 Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li; 
men SENYÈ a ✡ Pwov 16:2peze kè yo. 
 3 SENYÈ a pito ✡ I Sam 15:22ladwati ak lajistis 
plis pase sakrifis. 
 4 Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy; 
✡ Pwov 24:20lanp a mechan yo se peche. 
 5 Plan a ✡ Pwov 10:4dilijan an mennen byen si, vè avantaj; 
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv. 
 6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti 
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò. 
 7 Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati, 
akoz yo ✡ Am 5:7refize aji ak jistis. 
 8 Chemen a yon moun koupab ✡ Pwov 2:15kwochi; 
men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat. 
 9 Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a 
pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan. 
 10 Nanm a mechan an vle mal; 
vwazen li an pa twouve gras nan zye l. 
 11 Lè ✡ Pwov 19:25mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj; 
men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans. 
 12 Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an, 
✡ Pwov 14:11afè mechan an vin detwi nèt. 
 13 Sila ki ✡ Mat 18:30-34fèmen zòrèy li a kri aflije a, 
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn ✡ Jc 2:13 repons. 
 14 Yon ✡ Pwov 18:16kado vèse an sekrè kalme fachez, 
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè. 
 15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat; 
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo. 
 16 Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan, 
va jwenn repo nan asanble mò yo. 
 17 Sila ki ✡ Pwov 23:21renmen plezi, va vin pòv; 
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich. 
 18 Mechan an se yon ✡ És 43:3ranson pou moun dwat yo; 
e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm. 
 19  ✡ Pwov 21:9Li pi bon pou rete nan dezè 
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan. 
 20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; 
men, moun san konprann nan ✡ Job 20:15-18 vale tout. 
 21 Sila ki ✡ Pwov 15:9swiv ladwati ak fidelite a 
jwenn lavi, ladwati ak lonè. 
 22 Yon ✡ II Sam 5:6-9nonm saj monte sou miray vil pwisan, 
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans. 
 23 Sila ki ✡ Pwov 12:13veye bouch li ak lang li 
pwoteje nanm li kont gwo twoub. 
 24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; 
men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo. 
 25 Se ✡ Pwov 13:4volonte a parese a ki fè l mouri, 
paske men li refize travay; 
 26 Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay, 
pandan moun dwat yo ✡ Sòm 37:26 ap vèse bay san rete. 
 27 Sakrifis a mechan yo abominab; 
se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa. 
 28 Yon ✡ Pwov 19:5-9fo temwen va peri; 
men sila ki koute verite a va pale ak letènite. 
 29 Moun mechan an afiche yon figi brav; 
men pou ✡ Sòm 119:5moun ladwati a, chemen li an sèten. 
 30  ✡ Jr 9:23Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a. 
 31 Cheval la prepare pou jou batay la; 
men ✡ Sòm 3:8viktwa a se nan men SENYÈ a.