86
Yon priyè a David 
 1 Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen. 
Paske mwen ✡ Sòm 40:17 aflije e malere. 
 2  ✡ Sòm 25:20 Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl. 
Ou menm, Bondye mwen an, 
sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a. 
 3 Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske 
se ✡ Sòm 25:5 a Ou menm mwen kriye tout lajounen. 
 4 Fè nanm a sèvitè Ou a kontan, 
paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen. 
 5 Paske Ou menm, Senyè a, 
Ou plen bonte e Ou ✡ Sòm 130:4prèt pou padone, 
ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila 
ki rele sou non Ou yo. 
 6  ✡ Sòm 55:1 Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen. 
Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo. 
 7 Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou, 
paske ✡ Sòm 17:6 Ou va reponn mwen. 
 8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, 
ni nanpwen zèv ✡ Det 3:24 tankou pa Ou yo. 
 9  ✡ Sòm 22:27 Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou 
adore devan Ou, O Senyè, 
e yo va bay non Ou glwa. 
 10 Paske Ou gran e ✡ Egz 15:11fè zèv ki mèvèye. 
Se Ou sèl ki Bondye. 
 11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. 
Mwen va mache nan verite Ou. 
✡ Jr 32:39Fè kè m dispoze pou krent non Ou. 
 12 Mwen va ✡ Sòm 111:1 ba Ou remèsiman, 
O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m. 
Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan. 
 13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran, 
e Ou te ✡ Sòm 30:3 delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo. 
 14 O Bondye, mesye awogan yo te ✡ Sòm 54:3 leve kont mwen, 
yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen. 
Yo pa mete Ou devan yo. 
 15 Men Ou menm, O SENYÈ, 
Ou se yon Bondye ki ✡ Sòm 86:5 plen ak gras avèk mizerikòd, 
lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite. 
 16 Vire vè mwen e fè m gras. 
O ✡ Sòm 68:35 dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a, 
e fè sekou a fis a sèvant Ou a. 
 17 Montre m yon sign bonte Ou, 
pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. 
Paske Ou menm, O SENYÈ, ✡ Sòm 78:69 te fè m sekou, e te konsole mwen.