6
Lòt yo 
 1  ✡ Kan 5:6“Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo? 
Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?” 
Jenn Fi a 
 2 Cheri mwen an te desann nan jaden li an, 
nan kabann ki fèt ak fèy awomatik, 
pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo, 
pou ranmase flè ✡ Kan 2:1lis. 
 3 Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen; 
sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo. 
Salomon 
 4 Ou bèl, cheri mwen an, tankou ✡ I Wa 14:17Thirtsa; 
bèl tankou Jérusalem, 
mèvèye tankou yon lame ak drapo yo. 
 5 Vire zye ou! Pa gade m! 
Paske zye ou fè m egare. 
✡ Kan 4:1Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad. 
 6  ✡ Kan 4:2Dan ou tankou yon bann mouton 
ki fenk monte sot benyen. 
Yo tout ki pòtre marasa. 
Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit. 
 7  ✡ Kan 4:3De bò figi ou tankou yon tranch grenad 
dèyè vwal ou. 
 8 Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin, 
e ✡ Kan 1:3jèn fi menm pa kab konte; 
 9 Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik; 
li se sèl fi a manman li. 
Fi san tach a sila ki te pote li a. 
✡ Jen 30:13 Jenn fi yo te wè l e te rele l beni; 
ni rèn ni konkibin yo. 
Yo te louwe l pou di: 
 10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a, 
bèl tankou plèn lin nan, 
san tach tankou ✡ Mat 17:2solèy la, 
e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a? 
 11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo 
pou wè bwa vèt yo nan vale a; 
pou wè si chan rezen fin fè boujon, 
oswa ✡ Kan 4:13grenad yo te fleri. 
 12 Avan mwen te menm konnen, 
dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an. 
Lòt Yo 
 13 Retounen, retounen, O Silamit lan; 
✡ Jij 21:21retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou! 
Salomon 
Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?