7
 1 A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo! 
O ✡ Sòm 45:13fi a prens lan! 
Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vrè atis. 
 2 Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele; 
vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis; 
 3  ✡ Kan 4:5De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp, 
jimo a yon antilòp. 
 4 Kou ou se yon kou ivwa, 
zye ou tankou sous dlo nan ✡ Nonb 21:26Hesbon yo 
akote pòtay a Bath-Rabbim nan. 
Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la. 
 5 Tèt ou kouwone ou tankou ✡ És 35:2Mòn Carmel 
e très cheve tèt ou tankou fisèl mov. 
Wa a kaptire pa très ou yo. 
 6 A la ou ✡ Kan 1:15-16bèl e a la ou mèvèye, 
ak tout bèlte ou yo! 
 7 Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis 
e tete ou se grap li yo. 
 8 Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan, 
mwen va kenbe tij fwi li yo.” 
O ke tete ou yo kapab tankou grap 
ki pann sou chan rezen nan 
e bon odè a ✡ Kan 2:5souf ou tankou pòm, 
 9 Epi ✡ Kan 5:16bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an, 
e koule dousman nan lèv a sila 
ki tonbe nan dòmi yo. 
Jenn Fi a 
 10 Mwen pou cheri mwen an 
e ✡ Sòm 45:11 dezi li se pou mwen. 
 11 Vini, cheri mwen an! 
Annou pati ale nan chan yo 
e fè lojman nan ti vil yo. 
 12 Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo; 
annou ✡ Kan 6:11gade pou wè si chan rezen an 
gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri. 
Se la, m ap bay ou lanmou mwen an. 
 13 Mandragò yo fin bay bèl odè; 
epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo, 
ni nèf ni ansyen, 
ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.