22
 1 Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn: 
 2 “Èske yon ✡ Job 35:7nonm plen kouraj kapab itil a Bondye? 
Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li. 
 3 Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou, 
oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot? 
 4 Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye 
ke L ap repwoche ou? 
Ke l ap ✡ Job 14:3antre nan jijman kont ou? 
 5 Se pa ke ✡ Job 11:6mechanste ou gran 
e inikite ou yo san limit? 
 6 Paske ou te ✡ Job 24:3-9pran garanti a frè ou yo san koz 
e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni. 
 7 A moun fatige yo, ou ✡ Job 31:16-17pa t bay dlo pou bwè 
e a grangou yo, ou te ✡ Job 31:31refize yo pen. 
 8 Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an, 
e se ✡ És 3:3moun entèg ki viv ladann. 
 9 Ou te voye vèv yo ale men vid 
e te kraze fòs a ✡ Job 6:27òfelen yo. 
 10 Akoz sa, pèlen yo antoure ou, 
e ✡ Job 15:21laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent, 
 11 oswa se ✡ Job 5:14fènwa pou ou pa kab wè 
ak anpil dlo ki kouvri ou. 
 12 “Èske Bondye pa ✡ Job 11:7-9nan wotè syèl la? 
Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo! 
 13 Ou di: ✡ És 29:15‘Kisa Bondye konnen? 
Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an? 
 14  ✡ Job 26:9Nwaj yo se yon plas pou L kab kache, 
pou L pa kab wè. 
Se anwo plafon syèl la l ap mache.’ 
 15 Èske ou va kenbe ✡ Job 34:36ansyen chemen a, 
kote mesye mechan yo te mache, 
 16 ki te rachte avan lè yo, 
ki te lese fondasyon ki lave a 
retire nèt pa rivyè a? 
 17 Yo te ✡ Job 21:14-15di a Bondye: ‘Kite nou!’, 
Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’ 
 18 Sepandan, Li te ✡ Job 12:6ranpli lakay yo ak bon bagay; 
men ✡ Job 21:16konsèy a mechan yo lwen m. 
 19  ✡ Sòm 52:6Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan. 
Inosan yo moke yo. 
 20 Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt. 
E ✡ Job 15:30dife a fin manje retay yo.’ 
 21  ✡ Sòm 34:10“Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L; 
se konsa, sa ki bon va rive kote ou. 
 22 Souple, resevwa ✡ Job 8:10enstriksyon nan bouch Li 
e etabli pawòl Li yo nan kè ou. 
 23 Si ou retounen bò kote Toupwisan an, 
ou va restore, 
si ou ✡ Job 11:14retire inikite a byen lwen tant ou. 
 24  ✡ Job 31:24-25Mete riches ou nan pousyè a, 
lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo. 
 25 Alò, se Toupwisan an ki va riches ou, 
e pi bèl ajan pou ou. 
 26 Paske konsa ou va ✡ Sòm 37:4rejwi nan Toupwisan an, 
e leve figi ou vè Bondye. 
 27 Ou va priye a Li menm, e ✡ Job 34:28Li va tande ou. 
Ou va peye ve ou yo. 
 28 Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou; 
konsa limyè va briye sou wout ou. 
 29 Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans, 
e moun ki ✡ Jc 4:5enb lan, Li va sove li. 
 30 Li va delivre menm sila ki pa inosan yo, 
e ✡ Job 42:7-8delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”