7
 1 “Èske lòm pa ✡ Job 5:7oblije fè kòve sou latè? 
Èske jou li yo pa tankou jou a yon ✡ Job 14:6 ouvriye jounalye? 
 2 Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj, 
tankou jounalye k ap tann kòb li, 
 3 se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè, 
e ✡ Job 16:7nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen. 
 4 Lè m ✡ Det 28:67kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’ 
Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten. 
 5  ✡ Job 2:7Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè. 
Po m vin di e li koule pij. 
 6 Jou m yo mache ✡ Job 9:25pi vit ke mach aparèy tise a. 
Yo fini ✡ Job 13:15sanzespwa. 
 7 Sonje byen ke lavi m ✡ Sòm 78:39pa plis ke yon souf; 
zye m ✡ Job 9:25p ap wè sa ki bon ankò. 
 8  ✡ Job 8:18Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò. 
Zye Ou va sou mwen, men ✡ Job 7:21mwen p ap la ankò. 
 9 Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. 
Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò. 
 10 Li p ap retounen ankò lakay li, 
ni ✡ Job 8:18plas li p ap rekonèt li ankò. 
 11 “Akoz sa a, mwen p ap ✡ Job 10:1met fren nan bouch mwen. 
Mwen va pale nan doulè lespri m; 
mwen va plenyen nan lespri anmè mwen. 
 12 Èske se lanmè mwen ye, oswa ✡ Éz 32:2-3bèt jeyan lanmè a, 
pou Ou te mete gad sou mwen? 
 13 Si mwen di: ✡ Job 7:4‘Kabann mwen va ban m repo, 
sofa m va soulaje plent mwen,’ 
 14 answit, Ou fè m krent ak rèv, 
e teworize m ak vizyon; 
 15 jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe; 
pito lanmò olye doulè mwen yo. 
 16 Mwen fin epwize nèt; 
mwen p ap viv tout tan. 
Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf. 
 17  ✡ Sòm 8:4Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li 
e pou Ou bay ka li enpòtans, 
 18 pou ✡ Job 14:3Ou fè l pase egzamen chak maten e 
fè l pase eprèv chak moman? 
 19  ✡ Job 9:18Èske Ou p ap janm sispann gade m, 
ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m? 
 20  ✡ Job 35:3-6 Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, 
✡ Sòm 36:6 Ou menm, ki gadyen lòm? 
Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou 
jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen? 
 21 Poukisa konsa ✡ Job 9:28Ou pa padone transgresyon mwen yo, 
e retire inikite mwen yo? 
Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; 
Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”