19
 1 Epi Job te reponn: 
 2 Pou konbyen de tan, nou va toumante m, 
e kraze mwen avèk pawòl yo? 
 3 Dis fwa sa yo nou te ensilte m; 
nou pa menm wont fè m tò. 
 4 Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m. 
 5 Si anverite nou vin ✡ Sòm 35:26ògeye kont mwen, 
e fè m wè prèv a gwo wont mwen, 
 6 alò, konnen byen ke ✡ Job 16:11Bondye te fè m tò, 
e te fèmen ✡ Lam 1:13pèlen Li an antoure mwen. 
 7 “Gade byen, ✡ Job 30:20-24mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons. 
Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis. 
 8 Li te ✡ Job 3:23bare chemen mwen pou m pa kab pase, 
e Li te mete fènwa sou pa m yo. 
 9 Li te retire lonè sou mwen e 
te retire kouwòn nan sou tèt mwen. 
 10 Li ✡ Job 12:14kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt; 
Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa. 
 11 Anplis, Li te ✡ Job 16:9limen lakòlè Li kont mwen 
e te ✡ Job 13:24 konsidere m kon lènmi Li. 
 12 Lame Li a vin rasanble pou 
✡ Job 30:12bati chemen pa yo kont mwen. 
Yo fè kan kap antoure tant mwen an. 
 13 “Li te retire frè m yo byen lwen mwen 
e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt. 
 14 Fanmi mwen yo vin fè fayit 
e pi pwòch ✡ Job 19:19zami m yo te bliye m. 
 15 Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo 
konsidere m kon yon etranje. 
Mwen se yon etranje menm nan zye yo. 
 16 Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn; 
mwen oblije sipliye l ak bouch mwen. 
 17 Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen, 
e mwen vin abominab a pwòp frè m. 
 18 Timoun yo meprize mwen. 
Mwen leve e yo pale kont mwen. 
 19 Tout ✡ Sòm 38:11asosye m yo etone ak krent devan m. 
Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen. 
 20  ✡ Sòm 102:5Zo m yo kole sou po m ak chè m; 
se sèl pa po dan m ke m chape lanmò. 
 21 “Gen pitye pou mwen, gen pitye, 
O nou menm ki zanmi mwen yo, 
paske ✡ Job 1:11men Bondye vin frape mwen. 
 22 Poukisa n ap ✡ Job 13:24-25pèsekite mwen menm tankou Bondye 
e pa satisfè ak chè mwen. 
 23 O ke pawòl mwen yo te ekri! 
O ke yo te ✡ És 30:8enskri nan yon liv! 
 24 Ke avèk pwent plim ak plon, 
yo te grave sou wòch la jis pou tout tan! 
 25 Men pou mwen, mwen konnen ke ✡ És 43:14Redanmtè mwen an vivan. 
Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè. 
 26 Menm lè po m fin detwi, 
malgre chè m fin sòti, 
mwen va ✡ I Kor 13:12wè Bondye nan chè a; 
 27 ke mwen, mwen menm va wè, 
ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje. 
“Kè m ✡ Sòm 73:26vin fèb anndan m. 
 28 Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’ 
pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’ 
 29 fè lakrent ✡ Job 15:22nepe a pou kont nou, 
paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a. 
Fòk nou kab konnen, gen jijman.”