19
 1  ✡ Pwov 28:6Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite 
pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a. 
 2 Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans, 
ni pou prese rive ✡ Pwov 21:5 fè fo pa. 
 3 Foli a yon nonm fè chemen l gate; 
e kè li anraje kont SENYÈ a. 
 4  ✡ Pwov 14:20Richès fè zanmi ogmante anpil; 
men malere pèdi zanmi li yo. 
 5 Yon ✡ Egz 23:1fo temwen pa prale san pinisyon; 
e sila ki fè manti a, p ap chape. 
 6  ✡ Pwov 29:26Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri; 
tout moun se zanmi a sila ki bay kado. 
 7 Tout frè a malere yo a rayi li; 
konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. 
✡ Pwov 18:23 L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale. 
 8 Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li. 
Sila ki kenbe ak bon konprann nan va ✡ Pwov 16:20 jwenn sa ki bon. 
 9 Yon ✡ Pwov 19:5fo temwen pa prale san pinisyon; 
epi sila ki bay manti a, va peri. 
 10 Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse; 
bokou mwens pou yon ✡ Pwov 30:22esklav ta gen otorite sou prens yo. 
 11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè; 
se glwa li ✡ Mat 5:44 pou bliye yon transgresyon. 
 12  ✡ Pwov 16:14Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; 
men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt. 
 13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l, 
e yon madanm k ap ✡ Pwov 21:9-19 diskite a 
se tankou dlo kap degoute san rete. 
 14 Kay ak byen se ✡ II Kwo 12:14eritaj ki sòti nan papa; 
men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a. 
 15  ✡ Pwov 6:9-10Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, 
e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou. 
 16 Sila ki ✡ Pwov 16:16kenbe kòmandman an kenbe nanm li, 
men sila ki enpridan nan kondwit va mouri. 
 17 Yon moun ki ✡ Det 15:7-8fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, 
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a. 
 18  ✡ Pwov 13:24Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa; 
pa chache lanmò li. 
 19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li; 
paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò. 
 20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou 
kab vin saj pou tout rès vi ou. 
 21 Plan nan kè lòm yo anpil; 
men se konsèy SENYÈ a ki kanpe. 
 22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous. 
Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè. 
 23  ✡ Pwov 14:27Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi 
ak kè satisfè, san kontamine ak mal. 
 24 Parese a fouye men l nan plato a; 
men li refize rale l rive nan bouch li. 
 25 Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; 
✡ Pwov 9:8repwòch a yon moun bon konprann, 
va fè l genyen konesans. 
 26 Sila ✡ Pwov 28:24ki atake papa li e chase manman l ale, 
se yon fis ki fè wont ak dega patou. 
 27 Sispann koute disiplin, fis mwen an 
e ou va pèdi chemen konesans. 
 28 Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis; 
e bouch mechan an ✡ Job 15:16gaye inikite. 
 29 Gen desizyon jijman pou mokè yo; 
ak kou pou do a moun ensanse yo.