13
 1 Yon ✡ Pwov 10:1fis ki saj aksepte disiplin a papa l, 
men yon mokè pa koute repwòch. 
 2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; 
men volonte moun infidèl se vyolans. 
 3 Sila ki ✡ Pwov 18:21kontwole bouch li, konsève lavi li; 
sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt. 
 4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; 
men nanm a moun dilijan an vin gra. 
 5 Yon nonm dwat ✡ Kol 3:9rayi sa ki fo; 
men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont. 
 6 Ladwati se ✡ Pwov 11:3yon pwotèj pou sila ki san fot la; 
men mechanste fè pechè a vin souye nèt. 
 7 Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen; 
yon lòt pretann li ✡ Luc 12:33malere men li gen gwo richès. 
 8 Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; 
men malere a pa tande menas. 
 9 Limyè a moun dwat la se rejwisans; 
men ✡ Job 18:5lanp a mechan an va etenn. 
 10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; 
men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo. 
 11 Richès ki sòti nan manti koule ale; 
men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi. 
 12 Lespwa jennen fè kè a malad; 
men dezi acheve a se yon pyebwa lavi. 
 13 Sila ki ✡ Nonb 15:31meprize lenstriksyon va peye fwe a; 
men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li. 
 14 Lenstriksyon a saj yo se yon ✡ Sòm 10:11fontèn dlo lavi 
pou detounen pèlen lanmò a. 
 15  ✡ Sòm 111:10Bon konprann pwodwi favè; 
men chemen moun ki pa fidèl la di. 
 16 Tout moun ki ✡ Pwov 12:23pridan aji ak konesans; 
men yon moun san konprann parèt ak foli li. 
 17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite; 
men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon 
 18 Mizè ak wont se pou sila ki ✡ Pwov 15:5-32manke disiplin nan; 
men sila ki konsidere repwòch la va onore. 
 19 Yon dezi ki realize se dous a nanm nan, 
men moun bèt pa vle kite mechanste. 
 20  ✡ Pwov 2:20Sila ki mache ak moun saj va vin saj; 
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri. 
 21 Se malè ki kouri dèyè pechè yo; 
men moun dwat yo va pwospere. 
 22 Yon bon moun va ✡ Esd 9:12lese eritaj pou pitit pitit li; 
men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo. 
 23 Gen ✡ Pwov 12:11anpil manje nan tè malere a; 
men li fin bale nèt akoz enjistis. 
 24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; 
men sila ki renmen l va ba li ✡ Det 8:5 disiplin ak dilijans. 
 25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li; 
men vant ✡ Pwov 13:18 mechan an toujou gen bezwen.