6
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd. 
Yon sòm David. 
 1 O SENYÈ, ✡ Sòm 38:1pa repwoche mwen nan kòlè Ou, 
ni ba m chatiman nan fachez Ou. 
 2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen 
chagren anpil. 
✡ Os 6:1Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey, 
 3 epi ✡ Sòm 88:3nanm mwen fè gwo chagren. 
Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè? 
 4 Retounen, O SENYÈ, ✡ Sòm 17:13fè nanm mwen chape. 
Sove mwen akoz lanmou dous Ou a. 
 5 Paske mò yo ✡ Ekl 9:10pa rele non Ou. 
Nan andwa kote mò yo ye a, 
se kilès k ap bay Ou remèsiman? 
 6 Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. 
Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. 
✡ Sòm 42:3Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan. 
 7  ✡ Job 17:7Zye m pouri nèt ak gwo doulè. 
Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo. 
 8  ✡ Mat 7:23Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, 
paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen. 
 9 SENYÈ a te tande demand priyè mwen. 
SENYÈ a ✡ Sòm 66:19-20te resevwa lapriyè mwen. 
 10 Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. 
Yo va vire fè bak ✡ Sòm 73:19sibitman. 
Yo va vin wont anpil.