11
Pou direktè koral la; yon sòm David 
 1 Se nan SENYÈ a ke m ✡ Sòm 2:12kache. 
Kijan ou kapab di a nanm mwen: 
“Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou; 
 2 Paske, gade byen, mechan yo koube banza, 
Yo ✡ Sòm 64:3 fè flèch yo parèt sou kòd la, 
pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo. 
 3 Si ✡ Sòm 82:5fondasyon yo vin detwi, 
se kisa moun dwat yo kab fè?” 
 4 SENYÈ a nan sen tanp Li an. 
✡ Rev 4:2 SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. 
Zye Li veye. 
Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo. 
 5 SENYÈ a ✡ Jen 22:1sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo; 
men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L. 
 6 Sou mechan yo, Li va ✡ Sòm 18:13-14voye chabon cho tankou lapli; 
dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo. 
 7 Paske Bondye dwat. 
Li renmen ladwati. 
Sila ki kanpe dwat yo va ✡ Sòm 16:11wè figi Li.