16
 1 Epi Job te reponn: 
 2 Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo; 
✡ Job 13:4move konsolatè nou tout ye. 
 3 Èske pa gen limit sou ✡ Job 6:26pawòl kap pouse van a? 
Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn? 
 4 Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou. 
Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou 
e ✡ So 2:15souke tèt mwen sou ou. 
 5 Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen, 
e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou. 
 6 Mem si mwen pale sa pa redwi ✡ Job 9:27-28doulè m; 
si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen? 
 7 Men koulye a, Li ✡ Job 7:3fin fatige m nèt; 
Ou, Bondye, te ✡ Job 19:13-15gate tout zanmi m yo. 
 8 Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen. 
Epi ✡ Job 19:20jan mwen vin mèg, leve kont mwen. 
Li fè temwayaj devan figi mwen. 
 9 Kòlè Li fin ✡ Os 6:1chire mwen e chase m jis atè, 
Li te modi blese m ak dan L. 
✡ Job 13:24Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li. 
 10 Yo te gade m, ✡ Sòm 22:14bouch yo louvri. 
Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz; 
yo te oganize yo menm kont mwen. 
 11 Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo, 
e te jete mwen nan men a mechan yo. 
 12 Mwen te alèz, men Li te ✡ Job 9:17brize mwen, 
Li te sezi mwen nan kou 
e te souke mwen jiskaske m fè mòso; 
anplis li te fè m objè tiraj. 
 13  ✡ Job 6:4Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt. 
Li vide ✡ Job 20:25fyèl mwen atè. 
 14 Li kase antre brèch pa brèch; 
Li kouri sou mwen kon yon jeyan. 
 15 Mwen te koud twal sak sou kò m 
epi pouse kòn mwen antre nan pousyè. 
 16 Figi mwen vin wouj akoz ✡ Job 16:20kri mwen yo 
e pòpyè zye m vin fonse nwa, 
 17 Malgre nanpwen vyolans nan men m, 
e priyè mwen yo san tach. 
 18 O latè a, pa kouvri san kò mwen. 
Pa bay plas pou kriyè m yo pran repo. 
 19 Menm koulye a, gade byen, 
✡ Wo 1:9temwen m se nan syèl la. 
Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo. 
 20 Se zanmi mwen yo k ap moke m. 
✡ Job 17:7Zye m kriye a Bondye. 
 21 O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye, 
kon yon moun plede ak vwazen li! 
 22 Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale 
nan chemen ki pap retounen an.